EminiFX, Inc. Sezi

EminiFX, Inc. Sezi

Case Number: 22-03822 (VEC)

Distri Sid New York
Kesyon yo konn poze souvan sou pòtay itilizatè a (gade anba a pou FAQ Jeneral yo)
Expand All
Ki Wòl yon Pòtay Itilizatè?

Administratè a ansanm ak ekip li a te lage yon pòtay itilizatè ki revize 30 October 2024.  Pòtay itilizatè revize a—Pòtay 2.0—gen desizyon administratè a pou chak tranzaksyon yo pale sou yo.

Pòtay 2.0 a pèmèt tout itilizatè soumèt enfòmasyon pèman yo epi egzamine desizon administratè jidisyè a epi deside si y ap aksepte montan administratè a oswa si li pa dakò epi bay enfòmasyon anplis pou rezoud pwoblèm nan.

Nou ankouraje tout moun pou vizite Pòtay itilizatè a pou yo konnen eta tranzaksyon yo, epi pou bay enfòmasyon pèman.

 

 

M ap eseye reyinisyalize modpas mwen an men mwen pa resevwa kòd k bay aksè ak Pòtay la. Kisa m ka fè?

Tanpri tcheke dosye spam oswa mesaj ou pa bezwen yo. Ou ka jwenn kòd la.  Si w pa jwenn okenn imèl ki gen kòd la nan dosye w, tanpri tcheke adrès imèl ki bloke yo epi gade si w te bloke imèl @stretto.com yo. Si ou gen imèl ou te bloke ou pral bezwen dekloke @stretto.com anvan w mande yon lòt imèl. Lè w fin mande yon nouvo kòd oswa si w vin rankontre pwoblèm lè w fin suiv enstriksyon anba yo, tanpri kontakte Stretto nan EminiFX@stretto.com.

M te eseye mete tout kont mwen yo ansanm, men sa pa t mache. Kisa m ka fè?

Tanpri voye yon imèl bay EminiFX@stretto.com pandan w ap idantifye kont ou vle mete ansanm yo. N ap egzamine kesyon sa epi n ap reponn ou lè sa posib.

Kijan administratè a te fè pou fè tranzaksyon yo?

Administratè Jidisyè a ak ekip li a te pwosede ak yon egzamen liv ak rejis EminiFX epi konpare enfòmasyon sa yo ak sa itilizatè a bay yo. Lè Administratè Jidisyè a pa ka verifye oswa valide enfòmasyon tranzaksyon founisè a bay oswa si itilizatè a pa bay okenn enfòmasyon, Administratè Jidisyè a konteste tranzaksyon sa yo.

Pou chak trazaksyon yo konteste nan jounal tranzaksyon an, yo endike kote pwoblèm yo kòmanse a.  Yon rezime ki eksplike chak tip pwoblèm epi fason yo ka rezoud yo nan paj enstriksyon mizajou pòtay sou sitwèb benefisyè a [HERE].

Administratè a tè konteste tranzaksyon mwen yo. Kisa m ka fè?

Premyeman, ou dwe reponn tout tranzaksyon ki konteste sou pòtay la 16 Desanm 2024.  Si w pa reponn 16 Desanm, ou bay dwa opozisyon w lan vag epi yo pral itilize montan an pou detèmine reklamasyon w lan. 
 
Ou ka reponn dezakò yo nan de jan: 

(1) Ou ka aksepte desizyon administratè jidisyè a pou tout tranzaksyon ki konteste yo pandan w ap klike sou “aksepte tout” anba seksyon eta reklamasyon an.  Lè w klike sou bouton sa ou aksepte itilize nimewo administratè jidisyè a te verifye a, epi ou pa gen pwoblèm ak okenn dezakò ki nan lis la.  Si w dakò aksepte tout epi klike tout bouton yo, w ap resevwa yon dènye fenèt k ap mande w konfime si w vle aksepte tout rekòmandasyon administratè a.  

(2) Ou ka egzamine chak tranzaksyon ki konteste nan jounal tranzaksyon ki ajou epi ou aksepte oswa ou konteste apa.  Yon tranzaksyon konteste pral afiche « Konteste », epi rezon pou kontestasyon an pral afiche nan seksyon « Rezon pou kontestasyon an. » Detèminasyon administratè a ki vle di montan yo pwopoze pou tranzaksyon sa a nan kolòn “montan detèminasyn administratè a”.  Si w pa dakò ak admnistratè jiddisyè a, lè w fin seleksyone kontestasyon, ou dwe eksplike poukisa ou pa dakò avèk administratè jidisyè a epi telechaje tout dokimantasyon ki an favè w. Lओè w fin soumèt, administratè a pral egzamine dazakন ঔò a epi li menm oswa yon manm nan ekip li a pral kontakte w pou nou pale epi pou eseye rezoud li.  
 

Kisa pou mwen fè si mwen toujou an dezakò ak desizyon Administratè jidisyè a sou yon tranzaksyon konteste, ajoute, oswa enkoni?

Administratè jidisyè a ak ekip li ap eseye rezoud tranzaksyon konteste yo an akò avèk chak Itilizatè, si sa posib.  Administratè Jidisyè a ka rezoud kontestasyon o fओè pou konnen si tranzaksyon yo ap toujou fèt, epi yo ka mande enfòmasyon anplis.  Administratè Jidisyè a paka rezoud kontestasyon kote yon itilizatè mande ranbousman, prim, oswa lòt montan ki pa otorize nan pwosedi reklamasyon ak plan yo pwopoze a.

Si ou pa dakò avèk desizyon Administratè jidisyè a konsènan nenpòt tranzaksyon konteste, Administratè jidisyè a ap ranpli yon objeksyon pou depoze nan tribinal la selon jan tribinal la mande pou pwosedi tranzaksyon Itilizatè yo fèt la.  

Ou ap resevwa yon notifikasyon sou objeksyon sila a ak enstriksyon sou kòman pou ou soumèt yon repons bay tribinal la si ou chwazi fè sa.  An jeneral, Administratè jidisyè a ap pran mezi pou li asire li Itilizatè yo pa idantifye avèk non yo, nimewo Idantifikasyon itilizatè yo oswa nenpòt lòt enfòmasyon idantifikasyon pèsonèl nan rejis objeksyon an oswa nan repons ki ap bay yo.

Mwen gentan bay administratè a dokiman yo. Poukisa tranzaksyon m nan toujou konteste?

Dokiman ou te bay yo pa t sifizan pou verifye tranzaksyon ou ajoute a oswa plent ou an.  Bagay tankou yon enstantane sou tablo bò EminiFX oswa achat Bitcoin san dokiman ki montre yo te depoze dokiman yo sou EminiFX ensifizan pou verifye yon tranzaksyon.  Yon rezime ki eksplike baz chak tip pwoblèm epi fason yo ka rezoud yo, sa gen ladan l, dokiman ki ap pi itil pou rezoud yon litij patikilye nan paj enstriksyon ki ajou sou pòtay sou sitwèb benefisyè a epi w ka jwenn li [HERE].

Poukisa gen yon diferans ant sa mwen mete a ak montan administratè jidisyè a detèmine a?

Administratè jidisyè a konsidere tout enfòmasyon tranzaksyon itilizatè yo bay yo epi konpare yo ak liv ak rejis EminiFX la. Lè yo remake gen yon divèjans ak/oswa si enfòmasyon itilizatè yo bay yo pa sifizan pou verifye oswa valide tranzaksyon an te fèt, administratè jidisyè a oblije opoze ak tranzaksyon sa yo.

Montan chak tranzaksyon jans sa reflete nan jounal tranzaksyon an ka diferan toupiti pa rapò ak montan ki ka reflete nan dosye ou yo paske ou te petèt peye frè yo ak pri lòt tranzaksyon (tankou frè tranzaksyon pou CoinPayments).

Antanke rapèl, Administratè jidisyè a pa bay kredi pou ROI ni pou bonis oswa tranfè entèn.  
 

Èske gen opsyon pèman elektwonik pou rezidan peyi etranje?

Wi.  Pou itilizatè ki p ap viv Etazini, seksyon pèman pòtay la ofri plizyè opsyon pou resevwa distribisyon elektwonik pa PayPal, Zelle ak Venmo. 

Sepandan, kèk (oswa tout) nan opsyon elektwonik yo ka pa disponib nan tout peyi yo. Nou konnen gen yon ti kantite peyi ki pa Ameriken kote opsyon pèman elektwonik lan pa disponib pou itilizatè yo. Ekip administratè jidisyè a ap kontakte dirèkteman itilizatè peyi sa yo pou diskite sou opsyon pèman altènatif yo.
 

Mwen gen yon nouvo enfòmasyon imèl oswa adrès. Ki jan yo ka mete ajou kowòdone mwen yo?

Ou ka mande pou w mete ajou imèl ou oswa lòt kowodone lè w seleksyone lyen "Chanje Kowòdone yo" anlè nan ekran pòtay itilizatè a. Y ap voye tout demann yo bay Administratè jidisyè a pou konsiderasyon.
 

Mwen seleksyone yon metòd pèman sou Pòtay itilizatè a, men kounya mwen ta renmen chanje metòd pèman mwen yo. Kijan mwen ka mete ajou seleksyon mwen an?

Ou ka mete Afich Pèman an sou pòtay itilizatè a ajou pou chanje pou chanje mòd pèman ou yo. Ou ap kapab fè mizajou a nenpòt ki moman, eksepte nan yon ti tan tou kout anvan Administratè jidisyè a fè yon distribisyon.  Administratè jidisyè a ap enfòme itilizatè yo sou tout dat limit pou fè mizajou nan mòd pèman yo anvan yon li fè yon distribisyon.

Mwen reyafekte kèk nan depo mwen yo pa aksidan epi mwen ta renmen reyinisyalize/chanje seleksyon reyafektasyon mwen yo. Kòman mwen ka reyinisyalize seleksyon reyafektasyon mwen an?

Tanpri kontakte Stretto sou EminiFX@stretto.com epi esplike sa ki pase a.

Kisa ki ap pase si mwen pa respekte dat limit 26 fevriye 2024 la pou verifye tranzaksyon yo oswa voye kontestasyon yo ale? Èske m ap pèdi reklamasyon m nan?

Si ou depase delè a, gen posibilite pou yo sipoze tranzaksyon ou yo te verifye.  Ou pa ka ajoute oswa konteste tranzaksyon yo.  Men, ou P AP pèdi okenn nan reklamasyon ou te fè yo—reklamasyon sa a ap baze sou done Administratè Jidisyè a genyen ki disponib yo, sa ap gen ladan l retrè ak depo ou te fè yo.

Poukisa pa gen okenn tranzaksyon ki mansyone nan Jounal Tranzaksyon an?

Administratè a te egzamine dokiman li genyen ki disponib yo epi li te chèche asosye tout depo lajan nan Sistèm EminiFX la (Kontribisyon) ak tout retrè nan Sistèm EminiFX la nan yon Kont Itilizatè EminiFX patikilye.  Si pa genyen tranzaksyon ki mansyone nan jounal tranzaksyon ou a, sa vle di Adminitratè a pa jwenn okenn Depo oswa Retrè ki gen rapò ak Kont Itilizatè EminiFX ou a, ni tou Itilizatè a pa t ajoute anyen pandan pwosedi Pòtay Itilizatè a. 

E si mwen pa t fè okenn Depo oswa Retrè?

Si ou pa t fè okenn Depo oswa Retrè sou Sistèm EminiFX la, ou pa bezwen fè anyen epi yo pa mande ou fè anyen.

Ki kote yo ka jwenn lis konplè pwosedi tribinal la apwouve ki disponib yo?

Pwosedi verifikasyon pou tranzaksyon itilizatè yo gen yon deskripsyon konplè sou pwosesis pou egzamine tranzaksyon sa yo, yo ka jwenn li nan Avi Pwosedi ak lyen ki gen rapò ak dokiman an (docket no. 228).  Ou ka jwenn vèsyon pwosedi ki pi resan sou sit entènèt Administrasyon an LA.

Kesyon sou distribisyon plan an yo Konn Poze Souvan
Expand All
Èske Tribinal la apwouve yon Plan distribisyon?

Wi. Tribinal la te apwouve Plan Distribisyon Reseptè a nan dat 21 janvye 2025. Yon kopi desizyon Tribinal la ki apwouve plan an disponib ISIT.  

Yon kopi konplè Plan Distribisyon ki apwouve a disponib ISIT.  Yon ti eksplikasyon sou sa ki nan Plan Distribisyon an disponib ISIT.

Ki distribisyon mwen pral resevwa?

Si ou gen depo verifye $1,000 oswa mwens, ou nan “Klas 3A”. Sa vle di w ap resevwa yon distribisyon ki egal a 55% kantite lajan total depo w yo, mwens nenpòt retrè.  Pa egzanp, Yon moun ki gen depo verifye $800 epi ki pa gen okenn retrè pral resevwa yon distribisyon $440, ki se 55% nan valè total $800 depo verifye.  Si yon moun te verifye depo ki totalize $800, men tou verifye retrè ki totalize $100, $100 sa yo ta dwe dedwi nan kantite lajan distribisyon an, sa vle di moun nan ta jwenn yon distribisyon $340 ($440 - $100). Reseptè a espere ke sa a pral sèlman distribisyon pou Klas 3A Demandè yo.

Si ou gen depo verifye ki gen plis pase $1,000, ou nan “Klas 3”. Sa vle di ou pral resevwa yon premye distribisyon ki monte a 45% nan depo total ou, mwens nenpòt retrè.  Pa egzanp, yon moun ki gen depo verifye ki totalize $10,000 epi ki pa gen okenn retrè pral resevwa yon premye distribisyon $4,500 (45% nan $10,000).  Si menm moun sa a tou te verifye retrè $1,000, montan sa a ta dwe dedwi nan montan distribisyon an, kidonk moun nan ta resevwa $3,500 ($4,500 - $1,000). 
 
Kit ou nan Klas 3 oswa Klas 3A, si retrè verifye ou yo pi plis pase distribisyon ou pwograme pou w resevwa a, ou p ap resevwa yon distribisyon.  Pa egzanp, si yon itilizatè klas 3 ki gen $10,000 nan depo verifye tou te gen $5,000 nan retrè verifye, paske $5,000 sa a depase kantite $4,500 premye distribisyon yo (45% nan $10,000), yo pa ta resevwa distribisyon an.  Remake byen ke sa a afekte sèlman kèk santèn sou plizyè dizèn de milye itilizatè yo.

Èske mwen resevwa kredi pou ROI, Bonis, ak Transfè Entèn?

Non. Dapre Plan Distribisyon ki apwouve a, distribisyon ou yo gen ladan sèlman depo verifye ak retrè, jan yo diskite pi wo a. 
 
Konsènan ROI ak bonis, jan Tribinal la te eksplike nan opinyon li, "pwogrè yo ak bonis yo te ilizyon," ak "EminiFX te yon konplo Ponzi ki pa te jenere okenn pwofi aktyèl."  Tout depo yo te mete ansanm.  Retrè endividyèl yo pa te peye nan pwofi yo.  Olye de sa, retrè yo te peye nan menm pisin nan lajan ki te kenbe tout depo envestisè yo.  Sa se menm rezèvwa lajan m ap itilize pou m peye ranbousman sa yo kounye a.

Si yon lòt itilizatè te dakò transfere youn nan depo verifye yo ba ou, kantite lajan depo verifye ou yo ap reflete adisyon kantite lajan transfere sa a.  Itilizatè a ki transfere depo a pral gen depo verifye li redwi pa kantite lajan transfere a.

Ki kote mwen ka wè depo total verifye mwen yo, retrè verifye ak kantite lajan distribisyon?

Enfòmasyon sa yo disponib sou paj Portal Itilizatè w la, kote ou ka konekte ISIT.

Kouman mwen pral resevwa distribisyon mwen an?

Gen yon seksyon nan paj Portal Itilizatè w la kote ou ka bay enfòmasyon sou peman w.  Ou ka chwazi pou resevwa yon peman atravè yon metòd elektwonik oswa chèk, epi Lè sa a, ou ka bay detay ou yo.  Reseptè a rekòmande peman elektwonik paske li pi rapid, men metòd la se antyèman ou.  Chèk yo ka voye sèlman nan adrès lapòs domestik.

Si w pa genyen enfòmasyon sou peman w sou Portal Itilizatè a, tanpri konekte epi bay li.  Men, si ou gen nenpòt zanmi oswa manm fanmi ki envesti nan EminiFX, tanpri di yo tou pou bay enfòmasyon peman yo.

Kilè m ap resevwa distribisyon mwen an?

Pou itilizatè ki gen depo ak retrè yo tout verifye, epi kont yo pa sijè a yon revizyon, distribisyon yo pral fèt nan vag pandan tout ane 2025 kòm enfòmasyon peman yo bay itilizatè yo.  Si w te bay enfòmasyon sou peman w anvan 31 janvye 2025, w ap jwenn yon distribisyon nan premye vag la, ki prevwa nan premye mwatye fevriye 2025 la.  

Si w pa t bay enfòmasyon sou peman w anvan 31 janvye 2025, ou ka toujou resevwa yon distribisyon.  Nenpòt distribisyon ou gen dwa a kòm rezilta depo verifye ou yo pral mete sou kote epi yo ka peye nan yon vag pita.  Ou dwe, sepandan, bay enfòmasyon sou peman pou resevwa yon distribisyon.  Pandan yon distribisyon ap fèt, kapasite pou ajoute oswa mete ajou enfòmasyon peman yo pral bloke.  Lè sa a, li pral debloke epi itilizatè yo ka ankò bay enfòmasyon sou peman yon fwa vag distribisyon an fini.

E si gen yon diskisyon ki poko rezoud oswa kenbe sou kont mwen an?

Si w toujou gen tranzaksyon ki gen diskisyon oswa yon retrè revizyon, ou p ap ankò resevwa yon distribisyon jiskaske diskisyon sa a ak/oswa kenbe yo rezoud.  Ekip Reseptè a ap travay kounye a atravè kont ki gen diskisyon ak/oswa kenbe, epi li pral kontakte nan semèn ak mwa kap vini yo pou rezoud pwoblèm sa yo.  

Lajan yo rezève pou itilizatè ki gen kont yo toujou sijè a yon diskisyon ak/oswa kenbe.

Kesyon Jeneral yo Konn Poze Souvan yo
Expand All
Kisa estati EminiFX la ye?

Nan dat 15 jen 2022, Tribinal Distri Etazini pou Distri Sid New York te remèt yon Lòd Konsantman pou Enjonksyon Preliminè epi li te nonmen David Castleman kòm Administratè Jidisyè aktif EminiFX, Inc. (“EminiFX") ak aktif Eddy Alexandre yo ke yo kapab retrase jiska kliyan EminiFX yo. Lòd Konsantman an te vini apre premye nominasyon administratè jidisyè a kòm administratè jidisyè tanporè annakò ak Lòd Restriksyon Legal la, ki te anvigè soti 11 me 2022 rive 15 jwen 2022.

An konsekans, EminiFX pa an aktivite ankò.  Yo pa pèmèt moun fè okenn retrè, epi tout itilizatè EminiFX ki te kontribye oswa ki te retire lajan ka swiv pwosesis verifikasyon tranzaksyon administratè jidisyè a apwouve pou yo ka valide tranzaksyon yo, lè yo al sou Pòtay itilizatè EminiFX lan LA.

Ou ka jwenn enfòmasyon anplis sou Administrasyon an ak yon kopi Òdonans Konsantman an ki deziyen Administratè Jidisyè a sou sit entènèt sa a.

Kisa yon Administrasyon Jidisyè ye?

Yon administrasyon jidisyè se yon pwosesis kote lalwa nome yon administratè jidisyè pou aji antanke gadyen aktif oswa operasyon komèsyal yon antrepriz. Pwosesis Administrasyon jidisyè a fèt pou pèmèt yon tyès pati ke yon tribinal nonmen aji kòm gadyen aktif yo epi pou yo maksimize valè aktif yo pou yon seri envestisè, kreyansye, anplwaye ak pati ki gen yon enterè nan yon byen.

Devwa ak responsabilite Administratè Jidisyè a oblije li idantifye, rann kont bay, prezève epi pwoteje aktif yo Sezi yo. Epitou, yo bay Administratè Jidisyè a yon seri pouvwa byen presi pou li pousuiv, rasanble, kolekte epi sezi byen ak liv epi rejis EminiFX yo ansanm ak kèk aktif Eddy Alexandre genyen.

Y ap distribye aktif yo kolekte yon fason tribinal la detèmine epi apwouve nan yon dat aprè.

Poukisa EminiFX nan pwosesis Administrasyon Jidisyè sa a?

EminiFX nan pwosesis administrasyon jidisyè sa paske yo te akize li t ap eksplwate li tankou yon chèn Ponzi, k ap ofri randman ki pa reyalis ak yon to 5.00-9.99% pa semèn san pa gen okenn envestisman korespondan ki fèt ki ta ka soutni randman sa yo.  Ankèt administratè jidisyè a, jan yo rezime li nan Rapò sou Kondisyon Finansye a ki te depoze 15 me 2023 a, te demontre ke lajan yo retire nan EminiFX yo te finanse ak kontribisyon ki soti nan men itilizatè EminiFX yo, olye yo soti nan benefis envestisman yo.  Al gade Plent Komisyon pou Negosyasyon Kontra Atèm sou Matyè Premyè (Commodity Futures Trading Commission) a ki te depoze nan dat 11 me 2022 a, pou jwenn plis akizasyon ki te rive anjandre pwosesis Administrasyon Jidisyè a.

Ki estati Dosye Kriminèl ki kont Alexandre lan?

Nan dat 10 fevriye 2023, Eddy Alexandre te plede koupab pou yon chèf akizasyon sou matyè premye epi l te antann li sou yon Lòd Preliminè pou Konfiskasyon ak Konsantman, ki disponib LA.  Lòd sa a deklare, nan paragraf 11 lan: "Tout aktif Administratè Jidisyè a te distribiye bay viktim yo nan kad Aksyon CFTC a ke yo te jwenn nan men Akize a ak EminiFX dwe aplike pou satisfè Jijman lajan dédomajman an."

Nan dat 18 jiyè 2023, yo te kondane Eddy Alexandre pou nèf (9) lane nan prizon.  Mesye Alexandre nan prizon kounye a.
 

Èske Eddy Alexandre ap kontinye rete enplike?

Administratè Jidisyè a te revoke Eddy Alexandre nan EminiFX.  Administratè Jidisyè a te pran gad aktif ak fonksyònman EminiFX yo.
 

Pou kiyès Administratè Jidisyè a ap travay?

Administratè Jidisyè a se yon ajan Tribinal la epi, konsa, li ap travay pou jij ki nome li a. Se envestisè, kreyansye, anplwaye ak pati ki gen yon enterè nan byen an ki benefisye travay Administratè Jidisyè a fè yo.

Ki kote mwen kapab aprann plis sou Administrasyon Jidisyè a epi jwenn mizajou detazantan?

Ou kapab jwenn enfòmasyon anplis sou Administrasyon Jidisyè a nan www.eminifxreceivership.com. Yo ap afiche rapò sou sitiyasyon yo depoze devan Tribinal la sou sit entènèt Administrasyon Jidisyè a kou yo vin disponib.

Mwen tande yo deja ranbouse kèk moun. Èske se vre?

Non. Administratè Jidisyè PA ko fè okenn distribisyon.  Si tribinal la apwouve plan distribisyon yo pwopoze a, administratè jidisyè a prevwa kòmanse fè distribisyon nan fen ane 2024 la si tribinal la apwouve plan distribisyon yo pwopoze a.

Èske mwen kapab amòti envestisman mwen pèdi yo?

Administratè a pa kapab bay konsèy sou kesyon fiskal oswa jiridik. Tanpri, pale avèk kontab oswa konseye fiskal ou a epi mande yo konsèy.

Èske administrasyon jidisyè a ap gen ase aktif pou peye reklamasyon yo?

Administratè jidisyè a kwè ke yo te remèt administrasyon jidisyè a tout byen materyèl EminiFX genyen yo, sou rezèv nenpòt dwa yo genyen pou pouswiv reklamasyon kont tyès pati yo jan sa apwopriye. Yo te likide tout aktif nimerik ki nan Administratè Jidisyè a, epi administratè jidisyè a te mete lajan kach la nan kont ki akimile enterè. Apati mwa septanm 2024, gen plis pase $153 milyon lajan kach nan kont Administrasyon Jidisyè a. Pou w jwenn plis enfòmasyon tanpri gade nan dènye rapò sou sitiyasyon an, administratè jidisyè a pibliye a, w ap jwenn lyen an sou paj dakèy la, ak oswa nan seksyon Rekiperasyon Aktif ki sou sit entènèt la LA.

Kilè yo ap bay envestisè yo mizajou ki anplis yo epi kijan mwen kapab resevwa yo?

Tanpri, kontinye verifye sit entènèt la pou mizajou yo k ap fèt detanzantan yo. Pou enskri pou resevwa mizajou tank yo ap depoze eleman nan rejis sivil la, tanpri ale sou www.eminifxreceivership.com/civil-docket epi klike sou bouton ble "Subscribe" (Enskri) a. Nan espas sa, ou kapab abòne pou w resevwa notifikasyon pa imèl a mezi yo ap depoze pledwari yo chak jou oswa chak semèn.

Ou kapab soumèt yon demann pa imèl sou EminiFX@Stretto.com oswa rele (855) 228-3721 (gratis) oswa 1(949) 407-5078 (entènasyonal).